An nou fonw ti reflechi ansanm

Map reflechi ak kijan poum komanse teks sa men mwen fini pa reyalize ke se pa fe bel leterati ki konte men se mesaj la.
Sou chak 10 Ayisyen 8 ladan yo anvi kite peyi a. Yo prefere al nenpot kote nan monde lan. Paske lide rete Ayiti a pa manifeste nan panse yo.
Lotjou map pale ak yon zanmim ki Ayiti, map eksplike li kijan ke mwen anvi retounen Ayiti, ke se etid map fè a map tann mwen fini poum tounen. Sa ki te etonem anpil se paske zanmi dim kisa map tounen fè Ayiti? Kisa Ayiti genyen? li menm oze dim ke mwen byen pasel sil te ka pran plas mwen an li tap pranl e li patap janm vire gade dèyè.
Ti diskisyon sa mwen te fè ak zanmim nan te pousem reflechi anpil. m poze tèt mwen anpil kesyon tankou kisa ki pouse yon jèn 22 zan panse konsa?
Mwen pap jijel poutèt li reflechi konsa, paske se vi pal, li gen rezonl kifè li di sa menm jan mwen gen rezon pam kifè mwen anvi tounen Ayiti. Men san pou otan se pa konprann mwen konpran pouki Ayisyen ap renyè peyi a konsa. 
Mwen konnen gen moun ki pwal jwenn on pakèt rezon men pou mwen rezon yo pa valab.Paske se nou menm pouki rebati Ayiti, si nou tout pwale pa gen okenn espwa anko pou peyi a. 
Antouka mwen te jus vle pataje eksperyans mwen avè nou e sitou pouse nou a refflechi.
                                  Yon moun ki konsène...

Share this:

CONVERSATION

0 commentaires: