Ayiti se nou, ann al vote

Depi mwen tou pitit mwen tande yap di “ si w pa vote yo ap vote pou ou”. Siman menm jan avèm lem potko gen konprann wap mande ki yo?
Men se pa ke yon moun pral vote sou non ou, men se jis ke vòt paw lan tap konte, li te ka fè yon diferans. Se sa ke mwen fini pa konprann avèk jou ki pase.


Eleksyon nan peyi Dayiti, se toujou traka, tèt chaje. Se yon bagay ki toujou soulve anpil deba, pale anpil menm sou chwa politik. Men o final, tout rete pawòl anpil, paske pa janm gen anyen konkrè ki fèt.


Lè eleksyon rive, chaje kandida, chanje pati potilik, sim ka rele yo pati potilik. Men anpil moun toujou ap di, ke kandida yo sou blòf, ke se bèl diskou yo genyen, ke yo a loral. Aprè eleksyon yo pap fè anyen. Sim ka chita sou eleksyon pase yo jiska monte prezidan yo, gen moun ki gen rezon ak sa ke yo di.


Anpil fwa kandida yo se pote bèl espwa pou pèp Bondye a epi lè yo monte sou pouvwa ou pa finn konprann kisa yo ap regle.
Men kounya se konbyen moun ki te vote prezidan sa? Eske jènn ki nan peyi a te vote pou li? Eske moun ki nan klas mwayèn nan te vote pou li? Eske moun ki nan klas siperyè te vote pou li?
Paske daprè konsta ke yo fè se toujou mas pèp la ki vote, paske se yo menm ki toujou ap kouri dèyè ale mye. Yap teke grenn mayi pou yo wè si ya tombe sou sila ki pral delivre yo a.


Men eskè se yon prezidan ki pral vinn delivre yo jan yo ta panse l la? Eske jan Ayiti ye la kounya, yon sel prezidan ap ka chanje sitiyasyon peyi a ? Eske sistèm nou ladann nan pa merite pou yo ta chanjel, eseye yon lòt bagay?


Mwen konnen anpil nan nou genyen eleman repons ak kesyon sa yo, men ann fè pwen sou kesyon vote a.


Genyen plis pase 10 kandida nan eleksyon an, mwen dakò kew ka pa kwè yap ka fè yon bagay. Men m rete kwè genyen ki gen volonté e deja volonté a se yon bon bagay. Men kounya pinga w dim kew pap sipote okenn kandida. Ou ka pa dako ak projet tout men gen youn ou pi pa vle pou peyia. Gen youn nan projet li, ou wè li ale nan sens ou, projet li yo rive nan zorey ou, e ou konstate yo ap bon pou peyi a. Kidonk sa mwen vle di se ke ou sipoze fè yon chwa pa pa ou menm espesyalman men yon chwa pou peyi a. Paske vote se yon devwa sitwayen e se vòt paw la petèt ki ka fè yon diferans. Si kew pa renmen yon sitiyasyon ou dwe batay pou w chanjel .


Gen jènn ki diw yo pa pral vote. Anpil fwa yap fè etid relasyon entenasyonal, yo nan sosyoloji, yo nan medsin, yo nan etid de dwa. Yo konn pran pretèks ke yo pa pral riske lavi yo pou yo vote, paske jou eleskyon an Ayiti konn gen problem ensekirite. Mwen pa di ke Eleksyon toujou byen pase, men siw genyen volonte pou w al vote, wap ale byen bonè, pouw gentan ranpli devwa sivik ou.


Men la ankò sa fè lapènn pou w wè jènn nan peyi a pa vle vote. Lèw pa vote se pakse ou pa enterese a sitiyasyon peyi kotew ap evolye a. Paske nan nenpot domènn ke wap evolye ou pral bezwen pou konjonkti peyi a nan favèw. Kidonk ke w t medsen, avoka,enjenyè… fok ou vote.
Pinga di ke ou pap fè politik, politik fè pati de vi a.
Mwen ankouraje tout moun al vote ….


XOXO

Share this:

CONVERSATION

0 commentaires: