Festi Masi-madi est ce le vrai problème?

Jodia jedi li dizè pou kotem ye a. Malgre ke mwen fatige men se ekri mwen ka ekri lè mwen anvi degaje sa ki nan mwen.
Depi kèk jou sou rezo sosyo sonw zafè festi masimadi ki ap pale. Siw pat o kouran banm baw yon ti limyè. Se yon festival yo ta pral òganize nan peyi Dayiti pou masisi ak madivinèz. Tout moun ap pale de sa, chak moun gen opinyon pa yo sou sa ki pral fèt la. Gen yon pakèt deba ki fèt. Senatè voye pye, kanpe an kwa pou festival la pa fèt.


M pap ba nou manti, mwen fè anpil efò pou mwen pa prononsem sou sijè a. Lè mwen monte sou rezo sosyo yo depi se yon pòs ki gen rapò ak sa mwen pase sou li. Mwen pa vle rete sou sa. Plizyè moun mandem opinyon mwen sou sa, mwen te chwazi kite opinyon an pou mwen. Paske anpil moun sa yo, sa yo pral vle mwen di a, se pa li mwen pral di. Kidonk mwen kenbe opinyon mwen.
Men talè a yon zanmim sot vini ak bagay sa ankò.
Mwen ba li yon ti kras de sam panse san ke mwen pa ale twò lwen. Men lè li dim ke li menm li pa gen problèm ak moun yo men ke yo fè zafè yo an prive. Se sa ki enèvem nan.
Mwen pa konprann kijan fè nou menm lèzòm nou renmen benyen nan ipokrizi konsa?


Bondye fè chak moun lib, lontan se te plis yon problèm ak bagay oryantasyon seksyèl yon moun, men avèk tout pil konvansyon entènasyonal, tout lwa ki etabli. Vinn genyen yon ekilib pou mwen pa di yon egalite pou tout moun. Kidonk chak moun lib nan chwa seksyèl yo. Oryantasyon seksyèl yon moun pa defini li antan ke imen. Mwen rete kwè ke nou ta sipoze renmen tout moun pou mwen pa di pwochen nou jan ke Bondye mande l la. Menmsi oryantasyon seksyèl li pa menm avèw. Sa se chwa ke li fè, li pa dwe deranjew.


Mwen konnen gen moun ki pral mande pouki map defann koz masisi oubyen madivine?  Nou konnen bagay la egziste gen moun nan antouraj nou ki konsa, men nou pito fè tankou nou pa konnen oubyen si nou pa konnen vre. Nou pa ta janm swete konnen paske moun sa nou ka pa menm rive pale avel anko.

Men mwen se poko janm sa ki preyokipasyonm
Pi gro problèm mwen se paske mwen ap gade tout enèji ki depwalye pou sa. Tandis ke pa si lontan ke sa. Anpil moun tap pèdi lavi yo a koz pat gen swen nan lopital piblik yo, ensekirite nan peyi a menm se pa pale. Lekol ap ouvri paran yo nan tout tèt kase pou voye timoun yo lekol. M pat janm wè tout pale anpil sa yo, tout mouvman leve kanpe sa yo, tout enèji sa yo m pat wè yo. Tout pote kole senatè sa yo mwen pat wè yo. Eske pat ko gen lachanm?? Map mande tèt mwen eske pat gen moun nan lachanm??? Kibo tout enèji sa yo soti???


Mwen dakò ak moun ki di ke Ayiti poko pare pou sa. Ke daprè la lwa maryaj omo pa legal nan peyi a. Men kom se “poko pare” donk yon lè lap pare? Kidonk nou dakò ke se yon bagay nou pral oblije aksepte, viv ak moun ki konsa? Men pou kounya nou pito benyen nan ipokrizi a, moun sa yo la nan sosyete a men ann inyore egzistans yo, ann fè komsi Ayiti pat gen masisi ak madivine…. Anpil fwa menm moun kap denigre masisi madivine, yo pi gro masisi oubyen madivine se nou


Bann ipokrit regle bagay ki bon pou peyi a. Sispann aji lè sa an favè nou, men aji toutbon pou Ayiti.

Share this:

CONVERSATION

0 commentaires: