Move zanmi gate bon levasyon

Medite, se bagay mwen fè chak jou, paske jan mwen toujou ap di, mwen ap aprann dekouvri tèt mwen plis chak jou, epi anpil fwa ti tan mwen pran poum reflechi sou kek bagay konn aprann mwen anpil sou moun mwen ye a.


Mwen reyalize jodia mwen gen anpil moun nan antouraj mwen ki pap ede m avanse, mwen genyen anpil moun nan antouraj mwen ki reprezante maleng ki pa seche nan lavim. Anpil fwa nan chache konnen ki moun ou ye, ou konn pè sa wap dekouvri a pa deranje moun ki nan antouraj ou. Kidonk, depi w fè konsta sila, antouraj ou pa bon.


Antouraj ou, se fanmiw, moun ou di mennaj ou a, epi moun ou rele zanmi yo.   Zanmi w lan ap gade yon bagay ki pa mache nan sens ou, li ta vle w gade l avèk li, oubyen ou pa ka di li ke w pa renmen l. Bon m sonje m te pale sou  bagay konsa nan yon tèks mwen te ekri (li dekouvri-kel-gen-pouvwa-vinn-we). Kote m tap pale tout ipokrizi ki egziste nan relasyon moun ak moun, nou sipoze chanje. Se pa menm bagay sa mwen vinn pale jodia. Jodia mwen vinn pale sou kiyès pou nou kenbe ou kiyès pou nou lage.


Le mwen poko te gen konprann, mwen te konn wè mal, lè gen kèk kretyen ki pa chwazi pale ak moun ki pa kretyen parèy yo. Gen paran tou, ki konn pa asepte pitit yo fè nenpot frekantasyon. Men jounen jodi, mwen wè sa yon lot fason.


Gen anpil liv mwen enspire nan yo spesyalman mwen aprann anpil nan LABIB, ke ou kretyen ou pa. Gen kek bagay ki fè sens epi ki gen tout lojik yo nan pawol biblik yo. Nan 1 korentyen 15:33, yo di "move zanmi gate bon levasyon". Kidonk, antouraj nou jwe yon gwo wol nan lavi nou. Se rezon sa kifè jodia mwen envite nou triye, triye nan moun ki nan antouraj nou. Kiyès w ap retire oubyen kiyès k ap rete nan lavi w. Paske anpil fwa nou di moun pa enfliyanse nou. Men antouraj nou konn gen enfliyans natirèl nou pa ka kontrole sitou nou konn pa menm rann nou kont enfliyans yo genyen sou nou.


Anpil fwa yo degize yon pakèt bagay ba nou pou fè nou kwè se verite absoli. Yo aprann nou lanmou se yon santiman nou pa ka kontwole. Bon kisa m vin chache nan lanmou? Nou ka panse m ap pèdi fil panse m. Men kite m fini w ap wè mwen toujou menm kote a.


Pou n pouswiv, mwen rive nan bagay lanmou sa, paske anpil fwa nan relasyon nou, nou toujou ap bay lanmou pote chay. Demwazèl la fini lekol, li se yon timoun ki entelijan, li renmen li, li santi l konsènè pa sosyete a, li se yon moun ki renmen reflechi, li se moun ki renmen pataje ide ak lot moun pou li aprann plis, li se moun ki toujou ap aprann, l ap chache verite, epi ou tande li renmen ak yon nèg ki pa fini lekol, nèg la pa menm ka fè yon bon refleksyon, nèg la pa gen okenn vizyon, tout sa ki enterese li se materyèl epi li pa menm travay pou li ta gen materyel la… kidonk yon nèg konsa ak yon fi konsa, eske yo konpatib? Eske yo ka viv ansanm antan ke koup?


Gen moun ki pral di w ui, konsa tou genyen sa ki ap di w non kategorikman. Ou menm kisa ou panse? Eske yo konpatib? Nan tèt ou wap mande ki opinyon m pa rapò a sa. Ebyen pou mwen menm yo pa konpatib, se sak fè mwen chwazi lanmou an. Moun ki kwè ke yo konpatib pral di w lanmou pa gen nivo, lanmou pa gen tout bagay sa ladann…Mwen fou pou nou lè nou ap reflechi konsa.


Kijan fi sa pral fè avanse? Kijan nèg sa pral santi l? Eske y ap alèz? eske y ap ka kominike tout bon. Nou chita sou lanmou, nou rete inyoran, nap benyen nan ipokrizi pou nou jwenn eksplikasyon sou sa nou jije ki pa rezonab.


Ebyen se menm kote a mwen te ye, antouraj ou. Moun ou di ki nèg ou a, oubyen fanm ou an. eske chimen pa l ak pa w kwaze? Eske w wè menm si nou pran wout diferan nou pwale menm kote? Eske nèg sa, oubyen fanm sa, lè n ap pale ou gen yon bagay ou aprann? Mwen dako chak moun gen konviksyon pa yo, men moun ki bo kote w la , zanmi w lan, fanmi w lan, mennaj ou a. Eske se moun ou santi fok ou kache yo kek bagay paske yo pap konprann ni chwa w ni desizyon w?


Jan mwen te komanse an, mwen reyalize m oblije fè yon triyaj nan lavi m, oubyen elwanye m de kek moun ki nan antouraj proch mwen, paske yo pa ede m avanse, avèk yo mwen pa ka moun mwen ye a, avèk yo mwen manke rete fikse sou sa m vle akonpli.  Imajine w pou moun ki zanmi w, mennaj ou oubyen menm fanmi w, ou pa ka pale de kwayans ou ouvètman avè yo, ou pa ka bay opinyon w sou yon sijè san kache, ou pa ka reyalize rèv ou paske yo toujou ap dekouraje w, di w men sak bon men sak pa bon, yo pa kwe nan potansyèl ou. Moun sa yo se pwazon yo ye nan lavi w. Si w rekonèt kek moun konsa nan antouraj ou. Retire yo nan lavi w san bri san kont. Pale avel dil ke wap chache matirite, w anvi vinn gran, w anvi dekouvri sa mond lan genyen ladann. Di moun nan sensèman ki rezon ki fè w ap retire l nan lavi w, pa ledmi pinga fache. Si moun nan pa ka rive konprann, ret fè m nan konviksyon w paske moun sa pa te bon pou sante lavi w.


Aprann konnen kiyès n ap frekante. Se te ti refleksyon sa m tap pataje ak nou. Mwen te ka di plis. Men m ap tounen sou sijè a.
Xoxo


************


Share this:

CONVERSATION

0 commentaires: