Li dekouvri kel gen pouvwa, vinn wè kiyès nan pouvwa yo

Si m te ka gen yon pouvwa m tap chwazi gen pouvwa li nan panse moun.
 Wi pami tout pouvwa nou konn ap imajine yo se li mwen tap chwazi. Paske li tap rann tout bagay pi fasil. Bon sa se daprè mwen menm.


Poukisa mwen chwazi pale de sa, se alaswit yon kesyon yo poze m epi repons mwen an se te sa. Ebyen mwen reyalize si nou te kapab devine oubyen konnen kisa ki nan panse yon moun, nou tap fèl mwens mal. Gen anpil pwoblèm ki pa tap egziste.

Lè map pale de pwoblèm ki pa tap egziste map pale de relasyon moun ak moun. Manman an pa tap gen pwoblèm ak pitit li. Zanmi yo pa tap gen pwoblèm antre yo , paske youn lòt tap gentan konnen kisa ki ap fè lòt la plezi oubyen non.

Anpil fwa n ap fè antansyon nan sa n ap di oubyen nan aksyon n ap poze. Jis paske nou pa vle fwase lòt la, nou pa konnen sa ki ap pase nan lide li. Men si nou gen pouvwa li nan panse moun nan antouraj nou li tap pi fasil. Eske m manti??????

Nou pa gen pouvwa sinatirèl, men nou gen lòt pouvwa. An nou pa rete sou sa nou te ka fè oubyen sa nou tap fè si nou te…

Anpil fwa se nou menm ki rann relasyon nou yo difisil paske nou refize kominike antre nou. Kominikasyon se yon pouvwa, se ou menm ki pou konnen kijan pou w itilize l.
M dakò si w te ka li nan panse moun, li tap pi fasil pou ou. Men, ki rezon ki fè ou menm ki pa konn sa moun nan panse ou pa mande moun nan kisa l panse? Lè sa li ap pi fasil pou ou, men lè sa fok ou prepare w ke sa moun nan pwal di w lan ka pa fè w plezi. Ou menm ki ap di sa w panse, poukisa ou pa ka sensè, menm si sa w pwal di a ka deranje moun ki anfas ou a.

Madanm nan toujou ap mande kisa ki fè mari l plezi. Mari a gen bagay li panse ke li pa ka di madanm nan pou li pa fwase l oubyen fè l mal.
Pou mwen tout sa yo se ipokrizi. Men wi ipokrizi, men eske nou pap viv nan yon mond Ipokrit???? La se yon lòt pwoblèm ankò.

Men kisa nou te vle diw menm???? Mesaj la se kisa????
Menm si li pa fasil, chak jou nan vi pa w, mennen yon ti aksyon sensè. Anpil fwa sa nou anvi fè yo se toujou bagay ki ka blese moun nan antouraj nou. Men fè l kanmenm paske alafen se ou menm kap plis soufri. Paske ou pat janm rive di sa w panse ou di mwens ou pat janm mande lòt moun sa yo panse.
Banm fe yon ti pwen, anpil fwa se pa  paske nou pa te ka mande moun nan sa l panse, se paske nou pa anvi konnen sa ki nan fon kè moun nan. Se pi souvan paske nou pè verite a. Mwen menm m ka pale de sa paske sa te rive mwen. Lè mwen te genyen premye mennaj mwen. Moun te toujou konn di m li gen yon lòt fi, mwen te toujou konn anvi mandel sa. Men mwen te tèlman pè repons lan jis nou kite mwen pa janm te mande l sa. E se lè nou kite apre kek ane mwen resi mande l sa. Epi se te vre li te gen yon lot fi, menm si li di se jis mo kite a yo pat di men relasyon yo te fini. Bon brèf sa mwen pa konnen. Men anpil fwa n ap viv nan ipokrizi paske nou pè.

Toutan map grandi map vinn pi dirèk, mwen konnen mwen fè anpil moun mal ak sa mwen di yo. Men mwen sensè, sak fè li fè yo mal se paske yo poko prè pou viv san ipokrizi. Men mwen ta renmen pi sensè toujou. Men bon mwen pa di pyès moun fè tankou’m, men moun wap viv avèl la, moun ki proch ou a, detanzantan mandel sal atann de ou? Mandel kisak nan pansel? Mandel kisal pa renmen ? Mandel kisa ki fèl plezi, oubyen ki pa fèl plezi? Ou menm si yo pozew kesyon sa yo, reponn ak senserite, pa sere nan repons yo pou ou. Men di toutbon saw ap atann de moun nan, dil sak fèw plezi elatriye…

Mwen rete kwè ke ou pa bezwen gen pouvwa sinatirèl pouw byen viv ak pwochenw. Ou pa ka li nan pansel, men ou ka mandel sak nan pansel e mandel poul sensè avèw, ke nenpot sal ta diw ou pap fwase. Se anpil travay sou moun kew ye a. Li mande anpil travay sikolojik men li pa enposib.

Travay sou tèt ou… Di saw panse se libète. Eske’w lib?????

Share this:

CONVERSATION

0 commentaires: