#BLACKLIVESMATTER






Nan mond n ap viv la, gen yon pakèt pwoblèm ki te egziste depi lè wa te kaporal men nou fèmen je nou sou yo tankou yo pa egziste ankò. Mwen menm dizan pase ou ta di m rasis egziste toujou m tap di w manti. Paske Nelson Mandela, Rosa Parks, Malcom X, moun sa yo te mennen yon lit pou egalite ras yo.  

Men nan tout ras ki egziste se Ras Nwa a ki pi vilnerab, se ras nwa a yo pi meprize. Men nou menm tou nan kominite nwa a, nou rann tèt nou vilnerab.

Depi kèk jou nou tande polisye blan ap tire moun nwa pou granmesi. Gen anpil deba ki fèt sou sa, anpil mouvman leve kanpe antreprann, tankou #BlackLivesMatter. Anpil moun revolte fas a sitiyasyon sa yo. Kit se nan pawòl yo, kit se nan aksyon men gen anpil moun tou ki kanpe pou di #AllLivesMatter. Bon daprè Labib m dakò tout vi konte men gen anpil moun ki pa konprann ke lè yo di Black Lives matter (vi nwa yo enpotan) se pa ke yo di ke vi lòt yo pa enpòtan men jis ke se nwa ki pi vilnerab.

Men Jodia mwen ta renmen fè yon ti retou nan listwa. Depi mwen piti, mwen ap tande non kap site tankou Dessalines, Toussaint Louverture, Boukman, Martin Lutter King, Rosa Parks, Malcom X, Nelson Mandela. Yon pakèt non ki make listwa epi ki vle di anpil bagay pou kominite “NWA” a.  Gen ki lite pou endepandans yon nasyon lot menm ki lite pou egalite yon kominote.

Men malgre tout bagay sa yo, depi nou piti, yo pa janm ede nou konprann sakrifis sila yo. Yo sèlman aprann nou sa yo vle, anpil fwa nou pa poze bon kesyon yo pou nou ka jwenn repons, nou kontante nou a sa yo aprann nou. Ou menm ki moun nwa depi w tou piti, yo fè w konprann ou enferyè a lòt ras yo. Mwen menm nan sa m aprann sa m konstate, mwen fini pa konprann se bagay yon rantre nan tèt nou depi nou tou piti. Gen nan nou ki ka pa dakò ak sa m di an, konsa tou genyen ki ka dakò. Men sa m di an li mande yon eksplikasyon.

Lè mwen di konsa enferyorite nwa se yon bagay yo rantre nan tèt nou, mwen vle di kisa??? Lè ou timoun w al lekol, ti moun ki pi klè pase w la tout timoun anvi jwe avè li la, sa ki gen bèl cheve a tout timoun ta renmen zanmi l, tout profesè apresye l, kidonk menm siw timoun gen yon nivo konpreyansyon ou poko genyen men ou gentan santi epi konpran fòk ou ta nan plas timoun sa. Ou ta renmen gen anpil zanmi tou, ou ta renmen profesè a renmen w tou. Depi la santiman enferyorite a komanse devlope lakay ou. Ou menm adolesant , depi ou pwal pase nan nivo segondè ou ta renmen mete pèmanant pou cheve w ka swa. Paske ou santi cheve grenn nan pa bon, ou vinn santi w ou manke yon bagay, ou santi ou pa bèl. Paske depi w piti, se konsepsyon sa ou genyen sou bèlte, paske tout postè, nan tout televizyon se sa yo vann nou pou bèlte, pou fi a bèl fòk cheve nan tèt li swa. Tout bagay sa yo se paske nou genyen yon santiman enferyorite, nou tèlman santi nou enferyè nou anvi raproche nou sou blan. Wi nou anvi raproche bò kote blan paske blan gen cheve swa pou nou ka santi nou menm jan an tou nou mete prodwi chimik pou cheve nou ka swa. Lè nou santi pèmanant lan pa ase poun sanble ak blanc, nou depigmante po nou, nou pase prodwi sou po nou pou nou ka gen koulè blan paske santiman enferyorite a ap kale nou, nou pa ka sipòte ankò.

Nou toujou ap pale moun rasis poutan nou menm nwa se nou menm ankò ki montre blan nou enferyè a yo tout bon vre, paske nou ta bay tout sa nou genyen poun blan ak cheve swa. Lè nou fè sa se pwouve nou pwouve po nou ak cheve nou yo enferyè. Men se pa konsa nou rete nou anvi sanble blan, se paske sosyete a se sal voye kom imaj ba nou. Pou yon moun bèl fòk po li klè, pou yo ba w respè fòk ou se milat. Milat la chaje respè, dèfwa nou gentan menm jije moun nan sou koulè li pou nou di kel gen kòb. Kidonk moun nwa toujou pòv. Tout bagay sa yo se pa nou menm ki foje yo, nou vinn jwenn yo la. E sa ki pi mal nou kwè nan yo san poze kesyon. Se poutèt sa mwen di ke depi tou pitit yo rantre sa nan kalbas tèt nou lòt ras yo siperyè a nou menm.

Anplis yo foure sa nan lespri nou nou enferyè a lòt ras yo. Nou menm nou vinn renye ras nou an pa rapò a reyalite sa yo ba nou an. Kisa mwen vle di ? Nou menm nwa se nou menm ki pa renmen reyalite ke nou se “NWA”. Depi yon moun mix, le mwen di mix lan mwen vle di paran yo se 2 ras diferan. Si youn nan paran li yo nwa epi li menm li gen yon po klè li di w li pa nwa. Bon daprè lasyans moun nan mix, li son metis. Men san w melanje ou pa rete w ap di ou pa nwa. Poukisa ou oblije voye jete pati nwa ki nan ou a? Gen yon lòt bagay ankò, sa li se ri li fè m ri. Ayisyen ki pa milat yo, ki gen yon ti koulè klè. Yo di w yo pa nwa. Bagay sa jiskounya le mwen tande yon moun di m sa m oblije ri. Koulè po w pa nwa men se yon nwa ou ye. (Wouch)

Imajine w depi yon gason Nwa  wè yon fanm ki gen po klè li di w “ wouch gade yon bèl fanm” poutan lè li wè yon nwa li di “ black sa anfom ui” si m byen konprann, sila ki gen po klè a se yon fanm sila ki gen po nwa a se yon black (Wow). Epi wa p tann pou blan an valorize w bon ou menm ou pa valorize pwop ras ou.
Nan obsèvasyon mwen fè, nou menm majorite moun nwa nou pè moun nwa parèy nou. Egzanp:n ap mache lanwit gen yon nèg nwa ki ap mache dèyè nou, kè nou preske rete, nou prese mache pou nou rive kote nou prale a. Pakont si se te ye yon blan n ap ralanti demach nou pou nou nan preske menm nivo avèk li paske n ap santi nou pi an sekirite. Epi kijan fè vle blan an pa sispèk lè yon nèg nwa ap mache dèyè li?
Yon frè nwa nou ap ouvri yon biznis a kote a gen yon biznis blan se nan pa blan an n ap antre paske nou gen mantalite sa bagay nwa pa janm byen mache oubyen pa janm bon. Kidonk se yon pakèt bagay ki fè blan pa respekte nou epi santi yo siperyè pase men se nou menm menm “NWA” ki ba yo posibilite pou yo menm panse konsa. Paske nou menm anko nou santi nou enferyè.

Men mwen menm jodia a ki ap ekri sa, gen yon epòk nan vim enferyorite sa te nan mwen, mwen te jis pa aksepte li, men jodia zye m louvri mwen wè klè. Depi mwen tou piti, yo fòje yon imaj  moun nwa ban mwen mwen deside chanje imaj pam. Mwen vle chanje imaj yo pa sa mwen obseve. Wi mwen dakò ka gen kèk moun nwa ki gen move konpòtman ki ka fè yo mete tout nwa nan menm panye. Menm jan an tou gen anpil moun blan kifè menm bagay sa yo n ap kritike nwa yo pou li a. Men se jis ke paske se nwa nou estime li pi grav. Epi blan yo pap janm konsidere parèy yo menm jan nou konsidere parèy nou.

Mwen reyalize se nou menm ki rann tèt nou enferyè paske nou pa janm batay pou nou gade valè nou epi kenbe tout sa ki fè nou nwa. Nap kouri dèyè blan.

#BLACKLIVESMATTER

Share this:

CONVERSATION

0 commentaires: