Chevem se idantitem

Poukisa w koupe cheve w? Poukisa w fè natirèl? Eske w ap kite yo pouse? Kilè w ap mete pèmanant? Ou alèz avèk yo? Kijan ou fè penyen?
Sa se kèk nan kesyon yo toujou ap poze m. Anpil fwa mwen souri, epi mwen reponn pa rapò a kesyon an.

Men bon mwen chwazi reponn yo pou ou menm k ap li.
Poukisa w koupe cheve w?
Mwen koupe cheve m paske mwen te gen difikilte ak cheve m. Mwen te abite Pòtoprens nan epòk sa, pa te gen jèn fi pouki te ede m, epi mwen pa te konn fè anyen. Kidonk, mwen te oblije ale nan estidyo. Lavi a pou mwen antanke etidyan pa te fasil. Ale nan estidyo pou mwen sete yon privilej ak bagay gran det mwen pa te ka pèmèt mwen. Se poutèt sa mwen te pran desizyon koupe cheve m, mete akote sa, se yon eksperyans mwen te toujou anvi fè.

Poukisa w fè natirèl?
Mwen pap ba nou manti, lè m koupe cheve m mwen poko te konnen si m ap fè natirèl. Paske mwen pa te ka jere cheve ak pèmanant alewe pou cheve natirèl. Mwen te mete douk, mwen mete lot bagay yo. Mwen pat janm konn kite cheve yo pouse, depi yo komanse wo mwen koupe yo ankò. Men mwen se yon moun ki renmen aprann sou entènèt. Mwen te gen yon kou mwen tap swiv sou konfyans nan tèt ou. Epi mwen te komanse aplike yo, mwen te vin pran desizyon fè natirèl paske sa te nan prosesis la. Mwen te aprann ke lé w rete natirèl sa pwouve ke ou aksepte moun ou ye a. E ou asime moun ou ye a. Kidonk kounya natirèl pou mwen pa sèlman yon estil, mwen pa fè natirèl paske li alamòd. Mwen fèl paske mwen ap aprann asime moun mwen ye a. Yon afro, yon nwa. Yon Ayisyen.

Eskè w ap kite yo pouse?
Jiskaprezan gen moun ki pa rete kwè ke m ap kite cheve m pouse paske mwen toujou ap koupe yo. Mwen konn kite yo fè 1 ans, depi yo komanse two long mwen koupe yo. Paske mwen te toujou konn tande moun ap di cheve natirèl lè yo long , ou pa ka penyen, yo difisil ou pa ka varye kwafi wap fè. Men mwen fini pa rann mwen kont ke cheve natirèl ka bèl lè yo long epi ou ka fè bèl kwafi.
Ou ka di poukisa m ap swiv tandans si m vle asime tèt mwen? Asime tèt mwen pa vle di rete mal kwafe pou otan. Mwen ka toujou natirèl m asime moun mwen ye a, men fòk mwen pote natirèl la byen.
Bon wi m ap kite yo pouse!!!!

Kilè w ap pèmanant?
Chak lè yon moun poze m kesyon sa, mwen reponn: yo deranje w? Bon sa se fason pa m
Pou m di non! Lolll. Men kèk fwa mwen konn di non san pale anpil. Men lè w di non moun nan konn sènen w ak anpil lòt kesyon.

Ou alèz ak yo?
Pa gen anyen ki fasil, donk mwen aprann renmen yo, mwen aprann alèz avè yo, e pou kounya cheve m se bagay mwen pi fyè de li. Paske m soti lwen avè yo mwen fè anpil efò. Epi kounya mwen pa bezwen pyès moun pou m pran swen yo.

Kijan w fè penyen yo?
Mwen pat fèt ak cheve swa, kidonk mwen abitye ak yo deja. Mwen pran pasyans, mwen fè swen nan yo. Mwen aprann konnen yo, mwen konnen kisa yo bezwen . Mwen penyen janm vle.

Mwen ap fè anpil efò ak cheve m, paske yo se idantite m, tout ras gen idantite yo. Cheve grenn mwen di mwen se yon afro. Mwen se yon Kreyòl.

Share this:

CONVERSATION

0 commentaires: