Li kouri marye gade sak rivel

Jodia mwen ta renmen pale avèk nou de yon bagay ki fèm reflechi anpil. Se yon bagay mwen toujou pè pale de li. Men jodia mwen chwazi pale de li paske mwen santi ke sam gen poum di de li ka enterese plis pase yon moun.


 Ebyen sijè sa ki sa li ye?
Sijè sa se maryaj. WOy!! kisa li ka gen poul di de maryaj ke nou pa konnen?  Ebyen mwen pa yon ekspè sou sijè a . Se jis opiyon pam mwen ta renmen pataje avèk nou. En menm  tan m pa vinn di nou kisa maryaj ye. Men vinn pouse nou a fè de refleksyon. Mwen vin petèt di nou sa, sa gen moun ki pa di nou. Paske mwen si ke sam pral di yo se pa premye fwa nou pral tande yo.

Kisa maryaj la ye?
 Si nap konsidere definisyon ki etabli yo, maryaj se linyon de moun ki baze sou kontra pou yon tan ki pa detèmine. Yon lot kote gen moun ki di maryaj se yon lyen sakre. Gen lot moun ki di ke maryaj se yon pasaj oblije nan vi a paske "Labib " di. Bon mwen pa pwal franchi limit sa. Malgre tout sa ke moun ka di, malgre tout definisyon yo te kab bay, mwen konnen ke ou menm ou gen konsepsyon paw sou maryaj. Mwen menm mwen genyen pwop konsepsyon pam de maryaj, se rezon kifèm toujou evite pale de sa ak nenpot moun. Paske pafwa ou konn rive choke moun ak fasonw panse. Kidonk nan lide poum pa choke moun mwen evite pataje opinyon'm. Men avan mwen ba nou opinyon pam sou maryaj an nou antre nan fon sijè teks la.

Anpil fwa nou abode maryaj mal, nou toujou prè poun boule etap ki egziste yo. Gen anpil moun ki panse ke yon moun depiw komanse rantre nan yon laj fok ou marye sinon doub 6 ap mouri nan menw. Gen lot moun ki ret kwè ke siw gen 5 lane depiw ansanm ak Ti Jan fok misye ta pase bag la nan menw paskew pa ka nan pèdi tan. Men se nou menm fanm ki toujou prese sou kesyon maryaj la, gason yo pa two prese ke sa. Anpil fwa nou renmen kouri marye pou sosyete a ka wè ke nou marye.
Men san nou pa konprann maryaj lan li menm, se pa sèl jou seromini an, kotew pral abiye tout an blan, ou bèl tankou yon prensès epi seromoni an ou pata di se yon seremoni woyal tèlman bagay la bèl, tèlman te genyen preparasyon. Maryaj rive pi lwen ke grenn jou seremoni an.

Dapwè statistik yo nan monde lan, 50% nan maryaj yo fini pa yon divos. Kidonk nou kap rive konprann ke se paske moun yo pa konn pwè,
banm rakonte nou yon eksperyans ke mwen fè. Yon zanmim ki pwal marye epi mwen tap pozel kèk kesyon lèl finn dim ke li pwal marye, paskem sonw moun ki renmen analize.
Mwen mandel ; Kijanw santiw paskew pwal marye?
Li reponn mwen; wouy m lajwa, m pat ka tann jou sa rive sèm, SE pa dat moun ap mandem kilè map marye, mwen te toujou konn wont leu yo mandem sa.
Bon ann analize ti pati sa. Jan yon Ameriken ta ka di. SERIOUSLY?????????????
Mwen pap antre nan kad jije pèsonn, men komsi pou plis saw kontan kew pwal marye se paske sosyete a tap tann sa de ou. Epi poukisa pouw wont paskew poko marye??? Poukisa pou yon fi wont paskel pa marye??? Se paske sosyete a fè  nou kwè nan yon pakèt bagay ki san pou otan pa verite absoli. Sa te vwèman fèm mal jan ke zanmim nan te reponn mwen, men bon m pat bay opinyonm paske lavil pa lavim. Men fok nou reflechi anpil sou sa nap fè, sou desizyon ke nap pwan, pou nou pa regrèt pi douvan/.

Mwen sonje nan yon atik kem te li sou maryaj, moun ki ekril la te di ke Marye sonw bagay ki fasil, tout moun ka marye men se rete marye a ki difisil, se li menm tout moun pa ka fè. Finalman li gen rezon paske nan analiz ke mwen fè nan poze moun kesyon a dwat a goch sou koze maryaj. Mwen reyalize ke avan menm ke moun nan marye ke li di wi, li gentan panse a divos. Poze nenpot moun ki pwal marye ou byen ki gen entansyon marye ti kesyon sa. "SI SAW TE ESPERE DE MARYAJ LA DE MOUN OU MARYE AVEL LA SE PA SA KISA WAP FE? 70% nan moun yo ap reponn ou, map divose o se pa mare mwen te mare non.

Pi gro kesyon pou on moun poze tèt li sou kesyon maryaj. ESKEM PWE POUM MARYE???
Woy tanpri, pa kouri sou kesyon an pouw kouri di wi kew pwè pouw marye . Bon dayè, kilè yon moun pwè poul marye?
Gen anpil moun ki panse se laj ki dwe defini lèw pwè pouw marye, gen lot ki diw se edikasyonw sa vle di ou fini lekol, ou fini inivèsite, gen lot moun menm ki diw se poch ou ki ka diw siw pwè pouw marye. Bon m pap ekate fè ke gen nan sa yo ki ladann tou. Men se pa sa yo ki esansyèl. SE pa paske ou gen yon kay wap travay ki vle di kew a marye. Se pa paske ou gen 30 tan ki vle di kew ka marye... Siw pat konn sa apwann li jodia. Gen moun,yo toujou diw, mwen sonw travay map tann kifèm poko marye. Tèt chaje wi mezanmi. Maryaj tankou se jwèt pil ou fas.

Mwen pa vle fè nou pè maryaj, men mwen jis vle nou reflechi pi byen sou kisa maryaj repwezante nan vi yon moun.
Tout sam sot di la yo, se pou abouti a kisa?????
Mwen vle ede nou konpwann ke marye pa bèl seremoni sèlman. Men se yon angajman kew pwan anvè yon moun. Lèw marye, ou pwan desizyon pouw pataje viw avèk on lot moun. Kote moun sa pwal konen tout sekrèw, li pral konen tout defow, moun sa ou pwal gen pouw sipotel chak jou. Lèw marye ou deside abandone vi paw la, libète paw, et sitou entimitew. Eskew konn panse a sa? Eskew pwè pou sa?? Pingaw panse ke lèw marye ou toujou gen vi paw e moun ou marye a gen vi pal. Se erè ke anpil moun ki marye fè. Ou menm ak moun sa nou vinn yon sèl. Ou menm gason dèfwa lè pouw ta ak zanmiw ou pwal oblije pase tan sa ak madanm ou. Eskew pwè pou sa? PA gen moun ki di kew pap gen zanmi ni pase tan ak yo. Men madanm ou ap vinn priyoritew. Ou menm fanm fok ou ba mariw tan,ou pwal oblije kite feyton yo anpil fwa. Koze wap jere zafè pèsonèl ou sou non jèn  fiw lan pap posib, paske nan yon koup pata sipoze gen sekrè. Eskew pwè pou sa??Poum franch avè nou, mwen m poko santim pwè poum abandone vi pam, libètem ak intimitem pou yon lot moun, donk m poko pwè poum marye.

Ti konsèy kem te ka bay chak grenn moun, se reflechi sou sijè a, poze tèt ou bon kesyon yo, avan menm kew deside. Konnen vrè rezon kifèw anvi sa. E sitou lèw finn marye ki sakrifis ou pwè pouw fè pou maryaj ou ka dire. Mwen pa di non plis ke siw ta marye sa vrèman pa ka mache pouw fosel mache. Men mwen di pito ke ou pa dwe kouri bese bwaw si maryaj ou ap mal fonksyone, avan ou panse a divose chache moyen pouw jere sa, avanw panse a divos reeseye. Chache on teren dantant. Si apwè tout sa kew fè anyen pa mache, wa pran desizyon ou twouve ki jis la, men pa dekouraje avan menm kew eseye.

Yon moun ki konsène....


                                           

Share this:

CONVERSATION

6 commentaires:

Unknown a dit…

Tres beau article?!

Unknown a dit…

Tres beau article?!

Anonyme a dit…

Bel atik. Anyen pa pafè nan mond sa. C nou chak ki pou fè efò

Anonyme a dit…

C vrai

Unknown a dit…

merci a vous pour vos commentaires. j'apprecie..

Unknown a dit…

merci a vous pour vos commentaires. j'apprecie..