Lavil chanje aprè li finn koute mizik sa!!!!

I got the eye of the tiger, a fighter, dancing through the fire, 'cause I'm a champion and you're gonna hear me roar, louder, louder than a lion 'cause i'm a champion and you're gonna hear me roar.

Bon biyè sa  pa pou mwen, paske mwen wè se angle kap tonbe (lol). Se pa angle mwen pwal pale, fraz sa se refren yon mizik mwen renmen anpil. Poukisa mwen komanse pa yon refren mizik? Tou senpleman paske li gen rapo ak sa nou pwal pale jodia. WI, WI, WI, mizik!!!!!!!!

Mwen kwè ke nou konnen deja kisa mizik ye, kidonk mwen pa bezwen pwan tèt mwen pou yon ti jeni ki konnen tout bagay. Bon, se jis pou mwen ka di nou ke mwen pap bezwen defini mizik pou nou.

Men san pou otan, fok mwen raple nou ke mizik, se yonn nan bagay ke anpil moun renmen, paske mizik fè anpil bagay. moun danse sou mizik, mizik fè moun viv, la map pale de atis ki fè mizik pou yo viv. Mizik ba nou espwa, mizik rann nou kontan elatriye...

Gen plizyè estil mizik. ATANSYON!!!!!!!!! Mwen pap pale de jan mizikal yo, blouz, konpa, rap, ipap. Se pa de tip sa map pale, map pale sou kategori yo mete mizik yo ; mizik pou domi, mizik pouw fè espo, mizik pou reveye konfyans ou, mizik pou motive ou.

Anpil fwa nou tande mizik san enterè epi nou tande tout mizik. Dèfwa se pou nou alamod nou tande mizik, pou nou ka di, nou konnen tèl ou tèl atis. SA ki pi grav la nou konn pa menm konnen ou konpwann sa ki ap di nan mizik la. Nou renmenl paske, Ti Jan te fè w tande l ou renmen jan bit la pati a. Bon, pa kouri dèyè m non, se yon verite, admèt li. Sa pa anyen non, yon moun ka toujou fè w tande yon mizik epi ou vin renmen mizik la. Mwen gen anpil mizik mwen renmen se yon moun ki fè m tande l. Men sa mwen vle fè nou konpwann, mizik se yon bagay ki puisan anpil, Ou pa ta sipoze tande nenpot mizik. Men sa ki pi enpotan, se kisa mizik ka fè nan laviw.

Mwen menm, mizik se vi m, mwen pa egzajere, se vre. Mwen pa di sa jis paske anpil moun di sa. Se alaswit yon kesyon yo te pozem nan klas mwen epi mwen fè dediksyon sa. Profèsè a tap fe yon ti egzèsis, epi li mande m: Kisa ou fè lè w tris? Mwen reponn li mwen tande mizik. Kisa ou fè lè w kontan? Mwen reponn li mwen tande mizik. Li mande m anko, kisa ou fè lè w leve nan maten? Mwen reponn li mwen tande mizik. Kidonk mizik reprezante yon gwo pati nan lavi m.

Ebyen, mwen jis vle pataje ak nou maji ki gen nan mizik et puisans li genyen. Mizik se yon bagay ki ka fè w santi w pouse zèl, li menm fe w santi w ka deplase mon. Konbyen fwa w ap tande yon mizik ou santi w se wa latè, ou santi w se mèt linivè. Ebyen mwen pa di w pa ka tande "Wèk" mizik Rihanna a. Men dèfwa chache mizik ki ka reveye konfyans, mizik ki ap fè w santi w ap viv, mizik ki ka fè w reyalize anpil bagay.

Ti refren sa nan komansman, se refren yonn nan mizik mwen tande plis, chak lè mwen anvi dekouraje mwen pase l, paske li reban mwen konfyans nan tèt mwen ak nan sa manvi fè. Kote w kite lè w wè m ap chante mizik sa , Woyy m santi pa gen anyen ki ka kembe m anko, mwen rive!!! Ebyen se mizik konsa yo ou ka  koute chak maten, lè w pwal benyen, pou motive w pou jounen an. Si w te leve ta, ou ka koute l lè w nan machin nan, ou te mèt  nan kamyonèt mete kas ou, motive tèt ou. Ou ka sezi wè jan jounen w byen pase, Se domaj ayisyen manke pwodwi  estil mizik sa yo.

Se te  fason m pou m di mizik ka chanje lavi w, sèlman chwazi ki mizik w ap koute.

Mizik sa tankou se im nasyonal lavi m (Roar-Katy Perry). E ou menm ki mizik ki reveye konfyans ou?


Share this:

CONVERSATION

0 commentaires: