Obama,Beyoncé, Oprah, rive paske ...

Jodia mwen fè yon bagay ki mennen yon reyaksyon, ki pousem a yon refleksyon e ki fèm ekri tèks sa. Se yon zanmim ki reyalizatè, bon mwen ret kwè se konsa yo rele yo, moun ki reyalize videyo yo, bon si yo gonw lot nom, na ekskize mwen. Istwa a se kisal ye?

 Misye reyalize yon videyo, epi mwen vizyalizel, Mwen gade videyo a nenpot 3 fwa. Epi mwen voye yon mesaj vokal ba li sou watssap, kote map felisite li pou travay ke li fè a, kijan travay la bon blablabla...
Zanmim mwen a te tèlman kontan paske mwen te metel byen wo, mwen te fèl santi li fyè, e ke sa ankourajel travay plis toujou. Ok, mwen konnen gen moun ki pwal di, sa map rakonte la, e nan kisa sa enterese yo?????????? Mwen konnen ke sa rete vi privem, men se fason pam ke mwen fè apwoch yon sijè. Paske mwen pi alèz poum pale de eksperyans pam
.

Nan sosyete nap viv la, map pale de sosyete ayisyènn nan, kote felisite, ankouraje yon moun se yon gwo gwo koze. Gen anpil moun ou toujou tande kap diw: sim di entèl sal fè a bon, li pwal santil twop pou tè. Gen lot menm ki diw, mwen menm m pap ka di entèl sal fè a bon paske ego'm pap pèmèt mwen. WHAT???????? kisa ego'w vinn chache la?? Anmweeeee!!!!! gen koze wi. Gen lot menm ki diw sim di entèl sal fè a bon , li pwal gentan pansel finn korèk, li pap fè efo anko. Lè mwen tande jan de refleksyon sa yo mwen santim vekse, mwen revolte.

Pouki rezon pouw ta felisite oubyen ankouraje yon moun?
Anpil fwa nou di tèt nou pa gen rezon poun felisite yon moun paske nou estime ke se pa sak pwal fè moun nan moun, oubyen se pa sak pwal fèl fèl pi byen. Ebyen banm diw, chak fwa ou pwan tanw pou'w di moun nan sal fè a bon, ou bal ti sak pou li a, ou bal ti sal merite a e sitou ti saw ka bay la, ki se ankourajman paw. Li pote yon plis nan lavi moun sa. Konbyen fwa ou gen yon zanmi ou dil li bèl?
konbyen fwa ou pwan tan pouw ankouraje zanmi an nan sa lap fè a? Konbyen fwa ou menm ki manman ou pwan tan felisite pitit ou pou bèl not li fè lekol? KOnbyen fwa ou ankouraje pitit ou a nan yon pwojè ke li ta renmen reyalize? konbyen fwa ou menm ki patwon di anplwayew la ke travay lap fè a ekselan? konbyen fwa ou menm ki anplwaye,ou  felisite, apresye travay yon lot anplwaye? Konbyen fwa ou menm ki gran sè oubyen gran frè felisite ti sèw la kap fonw bon bagay? Konbyen fwa ou menm mari ou feliste madanm ou? Ou menm ki madanm felisite mariw?

Mwen pap fini non sim tonbe poze kesyon konsa. Lèw pwan tan ou felisite moun ki nan antouraj, ou ede moun sa kwè nan tèt li. Gen anpil moun ki gen pwoblèm " Estime de soi" se paske pa janm gen moun ki pwan tan felisite yo pou yon rezon ou pou yon lot. Lèw pwan tan ou felisite yon moun pou travay li, sa edel avanse, Sa rann moun nan fyè de tèt li. Bon mwen pa inyore ke gen moun lèw felisite yo pou yon bagay tèt yo pwan van, saw tande a " il se la raconte". Men sa pa dwe anpeche nou felisite, ankouraje yon moun, Paske sa pap retire anyen sou nou lè nou fè sa.

Ou menm ki paran, pwan tan pouw valorize pitit ou, pouw ankourajel. Gen anpil paran mwen konnen kifè sa. Men gen nan paran yo. yo pa janm satisfè de timoun nan. Timoun nan pote yon kanè ak mwayenn 8 yo dil se 9 poul te fè. Mwen pa di ke nou pa dwe pouse timoun nou a travay plis. Men se pa konsa. Pandan li pote mwayenn 8 li felisitel tout pandan nap ankourajel fè plis.Dèfwa, nou konn jis fè yon jès ak timoun nan, nou bal yon kado. Se byen wi men li bezwen tande ti ankourajman an tou, li bezwen tande nap dil jan ke nou fyè de li. Paske banm di nou ke dèfwa timoun nan rive granmoun li pa janm konnen sa ki rele " kwè nan tèt li" jis paske paranl pat janm konn ankourajel nan anyen. Dèfwa nou gen yon pwojè ke nou vle reyalize nou pap menm pale sa ak fanmi nou paske nou gentan konen ke yo pap ankouraje nou, o kontrè yo pwal dekouraje nou avèl. Nou oblije kounya al pataje pwojè sa ak yon zanmi, bon menm nan zanmi an menm, nou konn oblije ap triye nan sa nou genyen yo, paske genyen ki pwal dekouraje nou pa jalouzi, genyen kap dekouraje nou paske tout senpleman yo pa kwè nan kapasite nou poun ta reyalize yon bagay.Menm poun ta reyisi.Adjeeeee!!!!!!!!!!!!!! KA a grav wi.

Anvan nou pale, nou pwan egzanp de etranje. Obama Jodia ki se premye nwa prezidan Etazani, premye pisans ekonomik mond lan, Se paskel te konn gen moun nan antouraj li kap sipotel. Beyonce jodia ki se youn nan pi gwo Atis fanm nan America, se paske fanmil te konn sipotel. Tout jounen nap pale de Oprah, ebyen menm li tou te gen moun ki te kwè nan kapasitel, ki te konn felistel, ankourajel kifèl vinn moun li ye jodia.  Pouki rezon map pale de sosyete Ayisyèn mwen rive nan moun sa yo?
 Se poum ka di nou ke pwoblèm ankourajman sa se youn nan pi gwo pwoblèm sosyete nou. Sosyete ki avanse a se sosyete kote yo bay moun valè, kote lè moun nan fè yon bagay ki bon, yo felisitel, ankourajel. Paske yo konnen ke moun sa pwal itil sosyete a pi devan, e pwal ede sosyete a avanse. Men nou menm nan sosyete pa nou, se pa konsa nou wèl. Nou wèl nan fason pa nou pa, nou wè se bay moun twop valè, ke moun sa pwal pwanl pou sal pa ye. Woy mwen pap tounen la.

Ebyen jodia reflechi a sa. Pwan tan felisite, ankouraje moun ki nan antouraj ou, pou  moun sa ka rive pi lwen pase limit ke li bay tèt li. Chak lè nou ankouraje yon moun, sonw pa nap fè nan chanjman pou Ayiti a. Paske moun sa ou ankouraje ou pa konn kisa lap ye demen nan sosyete a. Epi tou menm lè nou pa renmen yon moun se pa yon rezon pou nap devalorizel, Si sal fè a bon, bal respè a. Mwen menm spesyalman, yon moun te mèt fèm yon mal, depil fonw bagay ki bon m pap pè dil. Zanmim konn twouvem biza, dèfwa gen moun ki pa atann sa de mwen. mwen se moun ki renmen felisite moun, ki renmen rann moun fyè. M se youn nan ra fi kap di yon lot fi parèy li kel bèl. Ou pa jwenn sa fasil dèfwa yo konn menm mete fi ki fè sa nan yon kategori, mwen pa bezwen dil nou konnen ki kategori. Men depi yon zanmim bèl map diw sa. E lèw fè yon bagay ki bon map diw sa. Bon avan menm mwen fini. Gonw ti bagay tou mwen konnen gen anpil moun ki renmen fomalite. Yo fè bagay la pou yo fèl, pou moun pa di yo jalou.. Yo baw ti felisitasyon an. Men non fèl ak tout kèw jan Klass dil. Fè moun nan santi sa, rann moun nan fyè. chwazi bon mo yo.Bref m komanse pale twop, gen moun ki pa renmen fè lekti.

Bon mwen menm pandan map pale de sa. Mwen pap neglije di nou tou ke sa pa fasil nan sosyete nou an pouw jwenn ankourajman. Kidonk  janm renmen dil la " do you and love yourself" pou sila ki pa pale anglè sa vle di " Ret moun kew ye a epi renmen tèt ou". Ou se premye moun ki dwe renmen tèt ou. Epi tou kwè nan sawap fè a. Chak grenn ti pwojè ou genyen, bay tout ou menm pou li men avan tou kwè ladann. PAske siw pa kwè ladann ou pap ka atann ke moun pwal kwè ladann. Kwè nan tèt ou. Renmen tèt ou...

Ti pati sa sonw ti astis ke map ba nou , lè wap mache, fèl ak konfyans, menm nan demach ou, ou dwe ret konfyan. Bon m konnen anpil nan nou "Il faut pas non plus se la raconter". XOXO

                                                                           
                                                         Yon moun ki konsène

Share this:

, , ,

CONVERSATION

0 commentaires: