TonyMix Ambassadeur et alors?

Gen yon epok  lè mwen wè yon fi abiye e tout kol deyo mwen te konn jije sa. Mwen te konn jwenn anpil atribisyon pou moun sa. Men toutotan map grandi, mwen vinn ap chanje atribisyon sa yo pa lot.
Yon jèn fi ki chwazi abiye kote li ekspoze kol, ou menm ou ka relel limena, ou ka relel (bouzen) padon pou mo a men se kreyol kap pale . Men anpil fwa nou di ke se moun ki pa edike, ki pa fome, nou di se moun ki pa gen vizyon, ki pa gen objektif elatriye.
Men kounya ann poze kesyon ansanm?

  • Kisa ki yon limena?
  • kisa ki yon bouzen?
  • kilè yon moun edike?
  • kilè yon moun fome?
  • kilè yon moun pa gen vizyon?
  • kisa ki yon objektif?

Mwen menm pèsonèlman mwen pa konnen kisa ki yon limena, paske mwen pa konnen si gen yon kote ke sa defini, petèt ke nou rive atann nou sou kisa ki ka fè yon moun limena men bon. apresa lot kesyon yo mwen pa pral antre nan detay, si nou pa konnen repons yo al chache mot yo nan diksyonè nap we kisa yo vle di. Paske mwen pa vinn pale de movèz intepretasyon mo yo men mwen vinn pale de kijan nou wè ak ki zye nou gade. Se vre anpil fwa nou mal itilize mo yo, men mo yo se youn ak ki zye ou gade se yon lot. Anpil fwa zye nou louvri byen gran nap gade men mwen menm avèw pa wè menm bagay.
Nan yon deba mwen tap fè avèk yon kolèg mwen, li dim yon bagay ki kembe atansyonm, li dim " eskew ka banm o mwen yon bagay tout moun alawonbadè dako sou li nan mond sa? mwen pap bay manti jus kounya map chache mwen poko jwenn. Antouka si ou menm nan moman wap li sa ou konen youn wa kite yon komantè pou ou edem konnen kisa. Kidonk se poum montre nou ke nou pa gade ak menm zye e sitou nou pa wè menm bagay.

Nou ta toujou swete sa, nou vle sa, nou menm ap fose sa, dèfwa pou moun ki bo kote nou an ka wè bagay la menm jan avèk nou. Anpil fwa lè nap ekspoze yon sitiyasyon bay yon moun, anvan menm moun nan ta bay opinyonl, nou gentan asire nou ke depi nan ekspozisyon sitiyasyon an nou mete tout agiman ki pou fè moun nan ale nan bo pa nou an. Gen moun ki tèlman kwè nan konviksyon yo malgre nou fè sa, konn pa dako, lè konsa nou twouve moun sa gen yon pwoblèm.
Nan yon entèvansyon kote yon aktris Ayisyèn( GESSICA GENEUS)  kem renmen tap pale, epi li tap pale de Yoga epi gen yon fanatik ki te dil ke "yo di ke Yoga se bagay Satan" AKtris lan te mandel "ki koulè Bondye ye e ki koulè Satan ye pou ou? Donk sete yon fason poul te reponn moun nan ke sa pwal depann de a ki zye wap gade.
Poum rete nan sijè kem ye a, ki se ak ki zye ou gade ? Nap wè anpil fwa nap jije, nap kritike se paske nap gade e se sa nou vle wè ke nou wè. Anpil fwa bagay la devan je nou men nou pap eseye wèl menm jan kem wèl. Atansyon !!!!!!!!! mwen pa mande pesonn pou ale nan menm chemen avem. Chak moun gen opinyon yo mwen respekte sa, e sa mwen ta renmen ke anpil moun rive fè nan sosyete nap viv la. Respekte opinyon moun ki bo kotew la.

Pouki rezon ou pa renmen yon bagay, men ou gen pwoblèm ak moun ki fèl la? Men moun ki pa renmenl li a se ou menm, e moun ki fèl la menm si li ta yon moun nan antouraj ou, li fèl pou tèt li, li pa fèl pou ou menm. Lotjou map reflechi mwen santi kem tankou sonw moun ki pèdi libetel paske gen bagay mwen ta renmen men map mandem eske mwen pap blese kèk moun, men nan menm moman refleksyon an mwen sonje kem lib e ke pa gen pyès moun ki ka pran libète sa. Paske mwen menm, mwen gen konsyans ke gen anpil moun ki pa wè bagay yo janm wè yo a.

Poum tounen sou koze abiye sa, kidonk poum fini. pou mwen menm yon fi ki abiye ki ekspoze kol se yon fi ki avan tou konfidan e ki sitou konfotab nan pol. Mwen garanti nou ke yon moun ki gen konpleks ak kol, ki pa gen konfyans nan tet li, pap janm abiye konsa. Donk kounya se konsa mwen wel. sa ka rive ou pa wel menm jan avem, sa pap deranjem men chak moun gen opinyon pa yo. Respekte pa moun ki chwazi alez nan pol la, ki gen konfyans nan tet li a.
 Aprann respekte chwa yon moun, paske nou pa wè bagay yo menm jan......

XoXo

Share this:

CONVERSATION

0 commentaires: