Ou pa nan plas mwen

Mwen chwazi kreye blòg mwen, paske mwen santi mwen gen bagay mwen ka pataje. Anpil nan sa mwen ka ekri, nou panse yo chak jou, gen moun ki di yo chak jou. Men li toujou bon dèfwa lè wap raple moun kèk bagay. Menm jan ou toujou renmen lè mennaj ou raple w ke li renmen w. Donk se konsa mwen chwazi raple nou kèk bagay. Mwen pa vini ak anyen ki nouvo.

Zòt mande'm poukisa mwen pa ekri sou blòg mwen an? Se sa ke li pa renmen ak mwen an. Mwen pa janm komanse yon bagay pou m fini l. Tèt chaje!!!! Ou pa ta di li konn egzakteman sa ki ap pase'm.

Mwen pa di tout moun pa ka ekri. Men ekri pa yon bagay fasil, paske fòk ou jwenn sijè pou w ekri sou li a. Fòk ou konn sa w pwal di sou sijè a, fòk ou ka byen abòde sijè a, pou w ka pataje sa w vle pataje a. Se pa yon voye monte m ap fè pou konn ekri. Dayè mwen pa yon ekriven ni yon powèt. Bon tout sa rantre nan kad sa nou pwal pale sou li jodia

Mwen chita devan laptòp la pandan anpil tan men mwen pa jwenn okenn enspirasyon. Se apre mwen konprann ekri sou yon bagay konsa konsa pap gen menm enpak ak lè ou ekri sou yon bagay ou vrèman anvi pale de li.

Tout sa se pou m di ou pa nan plas mwen donk ou pap janm konprann.
Mwen fè plizyè eksperyans ak bagay sa. Men se yon foto mwen wè jodia sou fesbouk ki pouse m ekri sou sa.

Sou sa ? Se kisa??
Ok!!! Take it easy ooo!!! Se mwen ki ap ba nou tann!! Loll
Ebyen anpil fwa moun ki nan antouraj nou, toujou prèt pou jije nou, oubyen pou di nou sa pou nou fè, oubyen pou ta di nou kisa pou nou pa fè. Men se pa sa vrèman ki pwoblèm nan.

Pwoblèm nan se lè moun nan di w si w te fè sa li tap pi bon. Oubyen li di w, pran kouraj bagay yo pral chanje. Bon bagay sa yo dèfwa se paske moun nan renmenw oubyen moun nan vle wè byen pou ou. Men moun sa yo se avè nou mwen anvi pale jodia.
Anpil fwa n ap di anpil bagay ki bon. Men nou pap janm nan plas moun kap viv bagay la. Ann pran yon egzanp byen senp. Yon moun ki gen yon menaj epi li toujou ap eksplike w sa k ap pase ak mennaj li. Epi w toujou gen yon ekip bagay w ap di l, pou byen l men eske w konnen ki sa moun sa viv ak menaj li? Eske w konnen tout sakrifis li fè pou relasyon an? Eske w konnen si l prè pou l bay tout bagay sa yo vag? Repons lan ou pa konnen l.
Sak fè w pa konnen l paske ou pa nan plas li. Donk sispann mete nou nan plas lòt la, paske w pa nan plas li epi ou pap janm nan plas li. Nou toujou gen tandans di si mwen ki te nan plas ou men kisa mwen t ap fè…. Dèfwa li bon wi si se yon konsèy sou biznis, travay, men an menm tan nou gen tandans egzajere. Nou kouri pran vi moun nan pou pa nou. Epi bon nou tonbe ap ba l koze sou kisa nou tap fè.

Ti konsèy mwen te ka bay. Sispann fè sa, se pa tout lè nou ka mete nou nan plas moun.

Lè w santi ou ta fwase yon moun mete w nan plas li, lè w santi ta fè yon moun mal nan nenpòt sans, mete w nan plas. Men lè moun nan gen bagay k ap pase nan vi prive l sispann mete w nan plas li, paske ou pa li menm, menm si li eksplike w, gen pasaj li pap di w. Donk ou pa li menm ou pap konprann. Reflechi sou sa.

Share this:

CONVERSATION

0 commentaires: