Depi mwen tou pitit mwen tande yap di “ si w pa vote yo ap vote pou ou”. Siman menm jan avèm lem potko gen konprann wap mande ki yo? Men se pa ke yon moun pral vote sou non ou, men se jis ke vòt paw lan tap konte, li te ka fè yon diferans. Se sa
Jodia jedi li dizè pou kotem ye a. Malgre ke mwen fatige men se ekri mwen ka ekri lè mwen anvi degaje sa ki nan mwen. Depi kèk jou sou rezo sosyo sonw zafè festi masimadi ki ap pale. Siw pat o kouran banm baw yon ti limyè. Se yon festival yo ta pral òganize nan peyi Dayiti
Medite, se bagay mwen fè chak jou, paske jan mwen toujou ap di, mwen ap aprann dekouvri tèt mwen plis chak jou, epi anpil fwa ti tan mwen pran poum reflechi sou kek bagay konn aprann mwen anpil sou moun mwen ye a. Mwen reyalize jodia mwen gen anpil moun nan antouraj mwen ki pap ede m avanse,
Nan mond n ap viv la, gen yon pakèt pwoblèm ki te egziste depi lè wa te kaporal men nou fèmen je nou sou yo tankou yo pa egziste ankò. Mwen menm dizan pase ou ta di m rasis egziste toujou m tap di w manti. Paske Nelson Mandela, Rosa Parks, Malcom X, moun sa yo te mennen
Gen yon epok lè mwen wè yon fi abiye e tout kol deyo mwen te konn jije sa. Mwen te konn jwenn anpil atribisyon pou moun sa. Men toutotan map grandi, mwen vinn ap chanje atribisyon sa yo pa lot. Yon jèn fi ki chwazi abiye kote li ekspoze kol, ou menm ou ka relel limena, ou ka
Poukisa w koupe cheve w? Poukisa w fè natirèl? Eske w ap kite yo pouse? Kilè w ap mete pèmanant? Ou alèz avèk yo? Kijan ou fè penyen? Sa se kèk nan kesyon yo toujou ap poze m. Anpil fwa mwen souri, epi mwen reponn pa rapò a kesyon an. Men bon mwen chwazi reponn yo pou ou
Si m te ka gen yon pouvwa m tap chwazi gen pouvwa li nan panse moun. Wi pami tout pouvwa nou konn ap imajine yo se li mwen tap chwazi. Paske li tap rann tout bagay pi fasil. Bon sa se daprè mwen menm. Poukisa mwen chwazi pale de sa, se alaswit yon kesyon yo poze m epi